Sòm Yo49hat_bsa

Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo

1Tande sa, tout pèp yo!Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond la!2Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.3Bouch mwen va pale sajès,epi meditasyon a kè m va vin konprann.4Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb.Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.5Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo,Lè inikite a lènmi m yo antoure m?6Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo,ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—7nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.8Paske redanmsyon nanm li koute chè.Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,9pou l ta viv toujou jis pou letènite,pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.10Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.Yo kite byen yo pou lòt yo.11Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.12Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.Li tankou bèt yo ki peri.
13Konsa, sa se chemen a sila ki manke sajès yo,ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.14Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.Lanmò va bèje yo.Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.15Men Bondye va rachte nanm mwen sotipouvwa a sejou lanmò a,paske Bondye va resevwa m.16Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich,lè glwa lakay li vin ogmante.17Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale.Glwa li a p ap swiv li desann.18Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li—Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—19li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.Yo p ap janm wè limyè an.20Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,poutan, san konprann,Se tankou bèt ki peri.