Sòm Yo47hat_bsa

Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo.

1O bat men nou ansanm, tout pèp yo.Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.2Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.Li se Gran Wa a sou tout latè a.3Li fè soumèt pèp yo anba nou,ak nasyon yo anba pye nou.4Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou,glwa la a Jacob, ke Li renmen an. Tan5Bondye te monte avèk yon gwo rèl,SENYÈ a avèk son twonpèt la.6Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!7Paske Bondye se Wa a tout tè a.Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.8Bondye regne sou nasyon yo.Bondye chita sou twòn wayal Li a.9Prens a pèp yo rasanble yo ansanm,pèp a Bondye Abraham nan.Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye.Li leve byen wo.