Sòm Yo46hat_bsa
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.2Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latèta chanje e malgre mòn yota chape antre nan fon lanmè.3Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan4Genyen yon rivyè ak flèv li yoki fè kè vil Bondye a kontan;lye sen a kote Pi Wo a demere a.5Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.Bondye va ede li vin parèt nan maten.6Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.Wayòm yo te souke.Li te leve vwa l e latè te fonn.7SENYÈ dèzame yo avèk nou.Bondye Jacob la se sitadèl nou.8Vini, gade byen zèv a SENYÈ yoki gwo dega Li fè nan tout latè.9Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.Li brile cha yo avèk dife.10“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.Mwen va leve wo pami nasyon yo.Mwen va leve wo sou tè a.”11SENYÈ dèzame yo avèk nou.Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan