Sòm Yo43hat_bsa

1Deklare m inosan, O Bondye mwen!Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.O delivre mwen soti nan mena lezòm mantè e enjis yo!2Paske Ou se Bondye fòs mwen an.Poukisa Ou rejte m?Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?3Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou;kite yo mennen mwen.Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.4Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,Bondye lajwa m ki depase limit lan.Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,O Bondye, Bondye mwen an.5Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?E poukisa ou twouble anndan m?Mete espwa ou nan Bondye!Paske m ap louwe Li ankò:O sove m, soutyen mwen an,ak Bondye m.