Sòm Yo42hat_bsa

Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

1Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.2Nanm mwen swaf pou Bondye,Pou Bondye vivan an.Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?3Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.Pandan y ap di m tout lajounen:“Kote Bondye ou a?”4Bagay sa yo mwen sonje e mwenvide nanm mwen nèt anndan m.Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.5Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?Epi poukisa ou twouble anndan m?Mete espwa ou nan Bondye, paske mwenva louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.6O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyiJourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.7Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
8SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan:Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.9Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:“Poukisa Ou te bliye mwen?Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”10Se tankou tout zo mwen yo kraze,jan advèsè mwen yo anmède mwen,pandan y ap di m tout lajounen:“Kote Bondye Ou a”?11Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.