Sòm Yo40hat_bsa
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.2Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,sòti deyò gwo ma ajil la.Li te mete pye m sou wòch la ete fè m kanpe byen fèm.3Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,yon chan lwanj Bondye nou an.Anpil moun va wè, vin gen lakrent e vamete konfyans nan Bondye.4A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,e ki pa t vire vè moun ògèy yo,ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.5Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,se mèvèy ke Ou te fè yo,ak panse Ou yo anvè nou.Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,yo ta vin twòp pou m ta kab konte.6Sakrifis avèk ofrann sereyal,Ou pa t dezire yo.Ou te ouvri zòrèy mwen.Ofrann brile avèk ofrann peche yo,Ou pa t mande yo.7Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.8Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.Lalwa Ou nan kè m.”9Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;O SENYÈ, Ou konnen.10Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèkverite Ou devan gran asanble a.11Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.Lanmou dous Ou avèk verite Ou vaprezève mwen tout tan.12Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.Inikite mwen yo te fin pran m nètjiskaske mwen pa t kab wè.Yo plis pase cheve sou tèt mwen.Kè m fin fè fayit.13Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.14Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,sila ki chache lavi mwen pou detwi li.Kite sila yo vire fè bak e dezonore,sila ki pran plezi nan fè m mal yo.15Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”16Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi efè kè kontan nan Ou.Kite tout sila ki renmen sali Ou yopale tout tan: “Ke SENYÈ a kapableve wo!”17Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,kite SENYÈ a toujou sonje mwen.Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.Pa fè reta, O Bondye mwen an.