Sòm Yo38hat_bsa

Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab

1O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.2Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m,epi men Ou fin peze m.3Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,akoz endiyasyon Ou.Nanpwen lasante nan zo m yoakoz peche mwen.4Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.5Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.6Mwen fin koube nèt e bese anpil.Mwen ap fè doulè tout lajounen.7Paske ren mwen plen ak brile.Nanpwen anyen ansante nan chè m.8Mwen pa kab santi anyen ankò.Mwen fin kraze nèt.Vwa m plenyen akoz kè m ajite.9SENYÈ, tout volonte m devan Ou.Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.10Kè m bat fò, fòs mwen kite m.Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.11Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yokanpe nan distans akoz touman m.Fanmi m yo kanpe byen lwen.12Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.Y ap manniganse trayizon tout lajounen.13Men mwen menm, tankou yon moun mouri,mwen pa tande;Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.14Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.E nan bouch mwen, pa gen repons.15Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.16Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”17Paske mwen prèt pou tonbe.Tristès mwen devan m tout tan.18Konsa, mwen konfese inikite mwen.Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.19Men lènmi m yo plen kouraj e fò.Yo anpil ki rayi mwen san koz.20Sila ki remèt mal pou byen yose lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.21Pa abandone m, O SENYÈ.O Bondye m nan, pa rete lwen m!22Fè vit pou ede mwen,O SENYÈ, delivrans mwen an!