Sòm Yo36hat_bsa
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
1Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.Nanpwen krent Bondye devan zye l.2Jan li kontan ak pwòp tèt li,li pa janm wè pwop peche pa l la.3Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.Li fè yon chemen ki pa bon.4Sou kabann li, li fè plan mechan;Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;Li pa rayi mal.5Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,fidelite Ou nan syèl la.6Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.7Lanmou dous Ou chè, O Bondye!Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.8Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.9Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.10O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.11Pa kite pye ògèy vini sou mwen,ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.12Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.