Sòm Yo33hat_bsa
1Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.2Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.3Chante a Li menm yon chan tounèf.Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.4Paske pawòl SENYÈ a dwat.Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.5Li renmen ladwati avèk jistis.Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.6Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.7Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.8Kite tout latè krent SENYÈ a.Kite tout sila ki rete nan mond lankanpe etone nèt pa Li menm.9Paske Li te pale e mond lan te fèt.Li te kòmande e li te kanpe fèm.10SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.Li anile pwojè a pèp yo.11Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.12Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,13pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a.SENYÈ a gade depi nan syèl la.Li wè tout fis a lòm yo.14Soti nan abitasyon Li an,Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.15Li menm ki fòme kè a yo tout,Li menm ki konprann tout zèv yo.16Wa a pa sove pa yon lame pwisan.Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.17Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a,ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.18Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,19pou delivre nanm pa yo devan lanmò,e kenbe yo vivan nan gwo grangou.20Nanm nou ap tann SENYÈ a.Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.21Paske kè nou rejwi nan Li, akoznou mete konfyans nou nan sen non Li.22Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,selon esperans ke nou te mete nan Ou a.