Sòm Yo31hat_bsa

Yon Sòm David

1Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.Pa janm kite mwen vin wont.Nan ladwati Ou, delivre mwen.2Panche zòrèy W bò kote mwen.Delivre mwen byen vit.Devni pou mwen wòch ki ban m fòs,yon sitadèl ki pou sove m.3Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.4Ou va rale m sòti nan filè ke yo teprepare an sekrè pou mwen an,paske se Ou ki fòs mwen.5Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.6Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.7Mwen va rejwi e fè kè kontan nanlanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.Ou te wè soufrans a nanm mwen.8Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.9Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.Zye m ak kò m ak nanm mwen;tout fin gate nèt akoz doulè m.10Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,ane mwen yo avèk soupi.Fòs mwen fin ale akoz inikite m.Kò mwen fin epwize.11Akoz tout advèsè mwen yo, mwen tedevni yon objè abominab,sitou a vwazen mwen yo, e yonobjè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.12Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,disparèt nan panse moun.Mwen tankou yon veso ki fin kraze.13Paske mwen konn tande kout langanpil moun, laperèz toupatou.Yo pran konsèy ansanm kont mwen.Yo te fè konplo pou rache lavi m.14Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.15Moman mwen yo nan men Ou.Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,avèk sila ki pèsekite mwen yo.16Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.Sove mwen nan lanmou dous Ou a.17Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,paske se Ou ke m rele.18Kite lèv ki manti yo sispann,sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo,k ap fè ògèy pou desann moun.19Men a la gran, bonte ke Oute konsève pou sila ki krent Ou yo,ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!20Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèjkont konplo a tout lang lèzòm.21Beni se SENYÈ a,paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li aanvè mwen nan yon vil byen fò.22Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:“Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”.Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yolè m te kriye a Ou menm.23O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo,e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.24Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.