Sòm Yo27hat_bsa
Yon sòm David
1SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a sedefans lavi mwen.Se kilès k ap fè m gen laperèz?2Lè malfektè yo te rive sou mwenpou yo ta devore chè m,advèsè mwen yo ak lènmi m yote chape tonbe.3Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.Malgre lagè leve kont mwen,malgre sa, m ap gen konfyans.4Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;se li mwen va chache:pou m ta kab rete lakay SENYÈ atout jou lavi m yo,pou m kab gade bèlte SENYÈ a, ereflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.5Paske nan jou twoub la,Li va kache mwen nan tabènak Li.Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,se la Li va fè m kache.Li va leve mwen sou yon wòch.6Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wosou lènmi m ki antoure m yo.Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.7Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.Fè m gras e reponn mwen.8Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”,kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,se li mwen va chache.”9Pa kache figi Ou de mwen.Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.Se Ou ki konn sekou mwen.Pa abandone mwen, ni kite m sèl,O Bondye delivrans mwen an.10Paske papa m ak manman m te abandone mwen,Men SENYÈ a va ranmase mwen.11Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.12Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,paske fo temwen yo vin leve kont mwen,sila k ap respire vyolans yo.13Mwen toujou gen konfyans sa a:ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.14Tann SENYÈ a.Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.Wi, tann SENYÈ a.