Sòm Yo26hat_bsa
Yon sòm David
1Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.2Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.Sonde panse mwen avèk kè m.3Paske lanmou dous Ou a devan zye m.Mwen te mache nan verite Ou.4Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.5Mwen rayi asanble malfektè yo, emwen pa chita avèk mechan yo.6Mwen va lave men m nan inosans, emwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,7pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,e deklare tout mèvèy Ou yo.8O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,avèk kote ke glwa Ou rete a.9Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,10nan men a sila ki gen manèv mechan yo,ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.11Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.Delivre mwen e fè m gras.12Pye m kanpe sou yon plas byen plat.Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.