Sòm Yo24hat_bsa

Yon sòm David

1Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.2Li te fonde li sou lanmè yo,e te etabli li sou rivyè yo.
3Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?4Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,ki pa leve nanm li vè sa ki fo,ni ki pa fè fo temwayaj.5Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.6Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,ka p chache figi Ou—menm Jacob. Tan
7Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!Leve wo, o pòt ansyen yo!Pou Wa glwa la kapab antre!8Se kilès ki Wa a glwa a?SENYÈ fò e pwisan an,SENYÈ a pwisan nan batay la.9Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!Leve wo, O pòt ansyen yo!Pou Wa glwa la kapab antre!10Se kilès ki Wa glwa a?SENYÈ dèzame yo!Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.