Sòm Yo23hat_bsa
Yon sòm David
1Bondye se bèje mwen;mwen p ap janm manke anyen.2Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.Li mennen m akote dlo pezib yo.3Li restore nanm mwen.Li gide mwen nan chemen ladwati yo,akoz non sen Li an.4Malgre mwen ta mache nan valelonbraj lanmò a,mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.5Ou ranje yon tab devan mwennan prezans lènmi mwen yo.Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.Tas mwen fin debòde nèt.6Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ouva swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,E mwen va viv lakaySENYÈ a jis pou tout tan.