Sòm Yo22hat_bsa

Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

Yon sòm David.

1Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Oute abandone m?Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.2O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.E nan lannwit men m pa jwenn repo.3Sepandan, Ou sen;Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.4Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.Yo te mete konfyans yo nan Ou,e Ou te delivre yo.5A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.6Men mwen se yon vè,mwen pa menm yon moun.Parèt abominab devan lèzòm,e meprize pa tout moun.7Tout moun ki wè m vin moke mwen.Yo separe avèk lèv yo e yosouke tèt yo pou di:8Li mete konfyans nan SENYÈ a.Kite Li menm delivre li.Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.9Sepandan, Ou menm se Sila ki tefè m sòti nan vant manman m nan.Ou te fè m gen konfyans depi mt ap souse tete manman m.10Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.11Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.Paske nanpwen moun ki pou ede m.12Anpil towo vin antoure m.Towo fò a Basan yo te ansèkle m.13Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,tankou yon lyon voras k ap rele fò.14Mwen vin vide tankou dlo.Tout zo m fin dejwente.15Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.Lang mwen kole akote nan bouch mwen.Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.16Konsa, chen yo vin antoure mwen.Yon bann malfektè vin ansèkle m.Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.17Mwen kab kontwole tout zo m yo.Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.18Yo divize rad mwen pami yo.Pou vètman m, yo tire osò.19Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!20Delivre nanm mwen devan nepe a,lavi mwen devan pouvwa a chen an.21Fè m sekou soti nan bouch a lyon an,soti sou kòn a bèf mawon.Wi, Ou menm te reponn mwen.
22Mwen va pale non Ou a frè m yo.Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.23Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!Kanpe byen sezi devan L,nou tout, desandan Israël yo.24Paske Li pa t meprize nirayi afliksyon a aflije yo.Ni Li pa t kache figi Li a li menm,men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
25Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòtinan gran asanble a;Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.26Aflije yo va manje e va satisfè.Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!27Tout ekstremite tè a nèt va sonje.Yo va vire bò kote SENYÈ a.Konsa, tout fanmi nan nasyon yo vaadore devan Ou.28Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.29Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore.Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.30Jenerasyon yo va sèvi Li.Yo va pale de SENYÈ aa desandan yo k ap vini an.31Yo va vini.Yo va deklare ladwati Lia yon pèp ki va vin fèt.Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.