Sòm Yo21hat_bsa
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!2Ou te bay li dezi a kè li,ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.3Paske Ou te vin rankontre Li avèkbenediksyon de tout bon bagay.Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.4Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.Yon vi ki long ak jou k ap direjis pou tout tan.5Glwa li gran nan sali pa Ou.Onè ak majeste Ou te mete sou li.6Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.7Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,Li p ap ebranle menm.8Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo.Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.9Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li,epi dife va devore yo.10Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.11Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,e te fòme yon konplo,yo p ap reyisi.12Paske Ou va fè yo vire do yo.Ou va pwente banza sou figi yoak bon kontwòl.13Ke Ou leve wo, O SENYÈ,ak tout fòs Ou!Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.