Sòm Yo19hat_bsa

Pou direktè koral la; yon sòm David

1Syèl yo ap pale glwa Bondye a.Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.2Jou apre jou, l ap pale san rete;Nwit apre nwit, li revele konesans.3Nanpwen langaj, ni pa gen pawòlkote nou pa tande vwa yo.4Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,5ki tankou yon jennonm ki fenk maryek ap sòti nan chanm li.Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.6Li leve soti nan yon pwent syèl,pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.Anyen pa chape devan chalè li.
7Lalwa SENYÈ a pafèLi rekonfòte nanm.Temwayaj SENYÈ a vrè,k ap fè saj yo senp.8Prensip a SENYÈ yo dwat,ki fè kè rejwi.Kòmandman SENYÈ a san tach.Li fè zye yo limen.9Lakrent SENYÈ a pi;Li dire jis pou tout tan.Jijman yo SENYÈ a vrè;Yo jis san manke.10Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.Yo pi dous pase myèl, pase siwo aki tonbe nan gato myèl la.11Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou aresevwa avètisman pou fè atansyon.Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.12Se kilès ki kab rekonèt fot li?Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.Pa kite yo vin domine m.Konsa, mwen kab rete san fot,epi va inosan a gran peche.14Kite pawòl bouch mwen a avèkrefleksyon kè mvin akseptab devan zye Ou,O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.