Sòm Yo18hat_bsa
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
1Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.2SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.3Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;epi mwen sove de lènmi mwen yo.4Kòd lanmò yo te antoure mwen.Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.5Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen;pèlen lanmò yo te parèt devan m.6Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,e te kriye a Bondye pou sekou.Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.Kri mwen pou sekou devan Lte rive nan zòrèy Li.7Konsa, latè a te tranble.Fondasyon a mòn yo te tranble.Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.8Lafimen te sòti nan nen L.Dife a devoran te soti nan bouch Li.Chalè li te limen chabon.9Anplis, Li te bese syèl la e te desannavèk fènwa byen pwès anba pye Li.10Li te monte sou yon cheriben, e te vole;Li te vole sou zèl a van yo.11Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L.Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.12Soti nan gran klate devan L,gwo nwaj pwès Li yo,Lagrèl avèk chabon dife te pase.13Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo.Pi Pwisan an te fè vwa l sone:wòch lagrèl yo avèk chabon dife.14Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo.Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.15Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt;Fondasyon mond yo te vin toutouni;ak repwòch Ou, O SENYÈ,lè gwo souf sòti nan nen Ou.16Li te voye soti an wo.Li te pran m.Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.17Li te delivre mwen nan menadvèsè mwen byen fò;de sila yo ki te rayi mwen yo,paske yo te twò fò pou mwen.18Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen,men SENYÈ a te pwotèj mwen.19Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj.Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.20SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen.Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.21Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a,epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.22Paske tout òdonans Li yo te devan m.Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.23Anplis, mwen te toujou san fot devan L,e mwen te rete lib de inikite m.24Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen,selon men pwòp ke Li te wè yo.25Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon.Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.26Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou.Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.27Paske Ou sove yon pèp aflije,men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.28Paske SENYÈ a va lime lanp mwen.Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.29Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame.Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.30Pou Bondye, chemen Li san fot.Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.Li se yon boukliye pou tout mounk ap pran sekou nan Li.31Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.32Bondye ki mare senti m ak fòs,epi fè chemen mwen san fot la?33Li fè pye m yo vin tankou sèf,epi fè m vin plase kote ki wo yo.34Li antrene men m pou batay la,jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.35Anplis, Ou te ban mwenboukliye sali Ou emen dwat Ou te ban soutyen.Se bonte Ou ki fè m gran.36Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,epi pye m pa t janm chape.37Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo.Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.38Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve.Yo va tonbe anba pye mwen.39Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la.Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.40Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen;konsa mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.41Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo;menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.42Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van;mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.43Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli;Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo;Yon pèp ke m pa menm konnen,se sèvitè mwen yo ye.44Depi yo tande, yo obeyi mwen.Etranje yo soumèt devan m.45Etranje yo vin disparèt devan m,epi vin sòti tranblan nan fò yo.46SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an.Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.47Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.48Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.Anverite, Ou leve m pi wo de sila kifè rebèl kont mwen yo.Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.49Pou sa, mwen va bay remèsimana Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ,epi mwen va chante lwanj a non Ou.50Li bay gran delivrans a wa Li a,epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a,a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.