Sòm Yo17hat_bsa
Yon Priyè a David
1Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.Prete zòrèy a lapriyè mwen,ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.2Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;Kite zye Ou gade avèk jistis.3Ou te teste kè m.Ou te vizite mwen pandan lannwit.Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.4Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo,Mwen te evite chemen a vyolan yo.5Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.Pye mwen pat janm glise.6Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.Enkline zòrèy W bò kote m.Tande pawòl mwen yo.7Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.8Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,9kont mechan ki depouye m yo,lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.10Yo fin fèmen kè rèd yo.Avèk bouch yo, yo pale awogans.11Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache.Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.12Se tankou yon lyon ki anvi devore,tankou yon jenn lyon k ap kachenan fènwa.13Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,14Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,depi nan men lòm de mond sa yo,k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.Fis ou yo gen kont,e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.15Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a;mwen va satisfè avèk vizaj Oulè m ouvri zye m.