Sòm Yo16hat_bsa
Yon Sòm David
1Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.2Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.3Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.4Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.5SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.6Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.7Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.8Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.9Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.Anplis, chè m va toujou pwoteje.10Paske Ou p ap abandone nanm mwennan sejou mò yo;ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.11Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.