Sòm Yo15hat_bsa
Yon sòm David
1O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?2Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;li ki pale verite a nan kè li a;3ki pa fè kout lang sou lòt,ni fè vwazen li mal,ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;4nan zye a sila yon vagabon meprize a,men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,e li pa chanje menm;5Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.