Sòm Yo149hat_bsa
1Louwe SENYÈ a!Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.2Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.3Kite yo louwe non Li avèk dans!Kite yo chante lwanj a Liavèk tanbouren ak gita.4Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.Li va anbeli enb yo avèk sali Li.5Kite fidèl yo leve wo nan glwa.Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.6Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,ak yon nepe file de bò nan men yo,7pou fè vanjans sou nasyon yo,avèk pinisyon sou lòt pèp yo;8pou mare wa yo ak chenn,ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,9pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a.Sa se lonè de tout fidèl Li yo.Louwe SENYÈ a!