Sòm Yo147hat_bsa

1Louwe SENYÈ a!Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.2SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.Li ranmase egzile Israël yo.3Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.4Li konte fòs kantite zetwal yo.Li bay non a yo tout.5Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.Bon konprann Li an san limit nèt.6SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.7Chante a SENYÈ a ak remèsiman.Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,8ki kouvri syèl la ak nwaj yo,ki founi lapli pou tè a,ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.9Li bay bèt la manje li,ak jenn kòbo k ap kriye yo.10Li pa pran plezi nan fòs cheval la.Li pa pran plezi nan janm a moun.11SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,sila ki tann lanmou dous Li yo.12Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!Louwe Bondye ou a, O Sion!13Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;Li te beni fis ou yo anndan w.14Li fè lapè anndan lizyè ou yo.Li satisfè ou ak meyè kalite ble.15Li voye lòd Li sou latè.Pawòl Li kouri byen vit.16Li bay lanèj kon lenn.Li gaye lawouze glase kon sann.17Li jete voye glas Li kon ti mòso.Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?18Li voye pawòl Li pou fonn yo.Li fè van Li soufle e dlo yo koule.19Li deklare pawòl Li yo a Jacob,règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.20Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.Louwe SENYÈ a!