Sòm Yo146hat_bsa

1Beni SENYÈ a!Beni SENYÈ a, O nanm mwen!2Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen anpandan mwen sou latè a.3Pa mete konfyans nan prens yo.Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.4Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.5A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,6Ki te fè syèl la avèk tè a,lanmè ak tout sa ki ladann.Ki fidèl jis pou tout tan.7Ki egzekite jistis pou oprime yo.Ki bay manje a moun grangou yo.SENYÈ a mete prizonye yo an libète.8SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.SENYÈ a renmen moun ladwati yo.9SENYÈ a pwoteje etranje yo.Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,men Li jennen wout mechan an.10SENYÈ a va renye jis pou tout tan,Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.Louwe SENYÈ a!