Sòm Yo145hat_bsa

Yon chan lwanj pa David

1Mwen va leve Ou wo,O Bondye mwen, O Wa a.Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.2Chak jou, mwen va beni Ou e mwenva louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.3Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.Grandè Li pa kab fin sonde menm.4Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.5Sou bèlte e glwa a majeste Ouavèk zèv mèvèy Ou yo,mwen va reflechi tout tan.6Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yoe mwen va pale jan Ou gran.7Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.8SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.9SENYÈ a bon pou tout moun e gras Lilonje rive sou tout zèv Li yo.10Tout zèv Ou yo va di Ou:“Mèsi O SENYÈ,”e fidèl Ou yo va beni Ou.11Yo va pale glwa a wayòm Ou an, epale sou zafè pouvwa Ou yo;12Pou fè rekonèt a fis a lòm yo,zèv pwisan Ou yo avèk glwa akmajeste a wayòm Ou an.13Wayòm Ou an se yon wayòm etènèle règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.14SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.15Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.Ou bay yo manje yo nan lè yo.16Ou ouvri men Ou pou satisfè dezia tout sila k ap viv yo.17Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, eranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.18SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,tout sila ki rele li ak verite yo.19Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.20SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,men mechan yo, Li va detwi21Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,e tout chè va beni sen non Li an jis poutout tan e pou tout tan.