Sòm Yo143hat_bsa
Yon Sòm David
1Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!2Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.3Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.Li fin kraze lavi m jis rive atè.Li te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.4Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.Kè m nan gwo twoub anndan m.5Mwen sonje ansyen jou yo.Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.Mwen panse sou zèv men Ou yo.6Mwen lonje men m vè Ou menm.Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.7Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.8Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.9Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.Mwen kache nan Ou.10Enstwi mwen pou fè volonte Ou,paske se Ou menm ki Bondye mwen.Lespri Ou bon.Kondwi mwen sou tèren ladwati a.11Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.12Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt.Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo,paske mwen se sèvitè Ou.