Sòm Yo142hat_bsa
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè
1Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.2Mwen vide plent mwen yo devan L.Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.3Lè lespri m te fin bat anndan m,Ou te konnen chemen mwen.Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.4Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.Nanpwen moun ki pou fè m chape.Nanpwen moun ki pou pran swen m.5Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”6“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,paske yo twò fò pou mwen.7Mennen nanm mwen sòti nan prizon,pou m kab bay remèsiman a non Ou.Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”