Sòm Yo141hat_bsa
Yon Sòm David
1O SENYÈ, mwen rele non Ou.Fè vit! Vin kote m!Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!2Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.3Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.Veye dri sou pòt lèv mwen yo.4Pa mennen kè m vè okenn mal,pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo.Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.5Kite moun ladwati yo frape mwen.Konsa, li dous.Kite li korije mwen.L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.Pa kite tèt mwen refize li,paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.6Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo.Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.7Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.8Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.Nan Ou, mwen kache.Pa kite nanm mwen san pwotèj.9Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.10Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo,pandan mwen pase akote.