Sòm Yo14hat_bsa
Pou direktè koral la; yon sòm David
1Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”Yo konwonpi.Yo te fè zak abominab.Nanpwen ki fè sa ki bon.2SENYÈ a te gade anba soti nan syèl lasou fis a lòm yo pou wè si genyenki konprann, k ap chache Bondye.3Yo tout te vire akote.Ansanm yo te vin konwonpi.Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.4Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,sila Ki manje pèp mwen yotankou y ap manje pen an,san yo pa rele SENYÈ a?5La, yo nan gwo danje,paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.6Nou meprize bezwen aflije a,men SENYÈ a se refij li.7O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a,Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.