Sòm Yo139hat_bsa

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.2Ou konnen lè m chita ak lè m leve.Ou konprann panse mwen yo de lwen.3Ou konn egzamine chemen mwen fè avèkkouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.4Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.5Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè eOu te poze men Ou sou mwen.6Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.Li twò wo.Mwen pa kab rive kote l.7Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?8Si mwen monte nan syèl la, Ou la.Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.9Si mwen pran zèl nan maten,si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,10menm la, se men Ou k ap mennen mwen,e se men dwat Ou k ap kenbe m.11Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”12menm tenèb la pa tenèb pou Ou,e fènwa a klere menm jan ak lajounen.Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.13Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.14Mwen va bay Ou anpil remèsiman,paske mwen fèt yon fason mèvèye.Zèv Ou yo depase bon konpranne nanm mwen byen konnen sa.15Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.16Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki teòdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.17Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen!A la gran, yo gran anpil!18Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.19O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.Soti sou mwen, O moun ki vèse san.20Paske yo pale kont Ou ak mechanste,e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.21Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?22Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.Yo devni lènmi m.23Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.24Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen emennen mwen nan chemen etènèl la.