Sòm Yo137hat_bsa

1Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.2Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.3Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”4Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?5Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite mendwat mwen bliye kapasite li.6Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo,pi wo ke pi gwo plezi m yo.7Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,ke yo te di: “Raze l nèt!Raze l jis rive nan fondasyon li.”8O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an,A la beni sila ki rekonpanse ou ak menmrekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!9A la beni sila ki sezi pitit ou yo,e ki kraze yo nan wòch la va beni!