Sòm Yo135hat_bsa
1Beni SENYÈ a!Beni non SENYÈ a!Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,2nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,nan lakou lakay SENYÈ nou an!3Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon.Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.4Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,Israël pou pwòp posesyon pa Li.5Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.6Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,nan syèl la oswa sou tè a,nan lanmè yo ak nan tout fon yo.7Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.Ki fè rive loray avèk lapli yo,ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.8Li te frape premye ne Égypte yo,ni lòm, ni bèt.9Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.10Li te frape anpil nasyon,e te detwi wa pwisan yo,11Sihon, wa Amoreyen yo, Og,wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.12Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj,yon eritaj a Israël, pèp Li a.13Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.14Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, eva gen konpasyon pou sèvitè Li yo.15Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,zèv a men a lòm.16Yo gen bouch, men yo pa pale.Yo gen zye, men yo pa wè.17Yo gen zòrèy, men yo pa tande,ni nanpwen souf nan bouch yo.18Sila ki fè yo va vin tankou yo.Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.19O lakay Israël, beni SENYÈ a!O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!20O lakay Lévi, beni SENYÈ a!Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!21Ke SENYÈ a beni soti nan Sion,Sila ki abite Jérusalem nan,Beni SENYÈ a!