Sòm Yo132hat_bsa
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,2jan li te sèmante a SENYÈ a,e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:3Anverite, mwen p ap antre lakay mwen,ni kouche sou kabann mwen;4mwen p ap kite zye m dòmi,ni pòpyè zye m fèmen,5jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a,yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.6Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata,nou te twouve l nan plèn Jaar a.7Annou antre nan abitasyon Li a.Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.8Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,Ou menm avèk lach fòs Ou.9Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, ekite fidèl Ou yo chante ak lajwa.10Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.11SENYÈ a te sèmante a David anverite.Sou sila Li p ap fè bak:“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.12Si fis ou yo kenbe akò Mwen aktemwayaj ke Mwen va enstwi yo,fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”13Paske SENYÈ a te chwazi Sion.Li te vle l pou abitasyon Li.14“Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan.Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.15Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.Mwen va satisfè malere li yo ak pen.16Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali,e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.17La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.18Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”