Sòm Yo130hat_bsa
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.2SENYÈ, koute vwa mwen!Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.3Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?4Men avèk Ou menm, gen padon,pou moun ta gen reverans Ou.5Mwen tann SENYÈ a.Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,mwen mete espwa m.6Nanm mwen ap tann SENYÈ a plispase gadyen k ap tann maten rive a.Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.7O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.8Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.