Sòm Yo13hat_bsa
Pou direktè koral la; yon sòm David
1Jiskilè SENYÈ?Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan?Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?2Pou konbyen de tan mwen va oblijedepann sou pwòp konsèy tèt mwen,ak tristès nan kè m tout lajounen?Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?3Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;Fè zye m wè, pou m pa mouri;4pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.5Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;Kè m va rejwi nan delivrans ou6Mwen va chante a SENYÈ a,paske Li te aji ak bon kè avè m.