Sòm Yo129hat_bsa
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen.Kite Israël di koulye a:2“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,men yo pa janm reyisi kont mwen.3Labourè yo te laboure chan yo sou do m.Yo fè tranch tè yo vin pi long.”4SENYÈ a dwat.Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.5Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont!Ke yo retounen fè bak menm.6Kite yo vin tankou zèb sou kay la;zèb ki fennen avan li grandi,7jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,oubyen sila ki mare pote pake a,pa p ka plen lestomak li.8Ni sila ki pase yo, p ap di:“Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.Nou beni ou nan non SENYÈ a.”