Sòm Yo127hat_bsa

Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

1Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,sila ki bati li yo, travay anven.Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,gadyen an rete zye louvri anven.2Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,pou manje pen a travay di yo,paske se domi Li bay a moun li renmen.3Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.Fwi a vant la se yon rekonpans.4Tankou flèch nan men a yon gèrye,Se konsa pitit a jèn yo ye.5A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.