Sòm Yo126hat_bsa
Yon chan pou monte vè tanp lan
1Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,nou te tankou sila ki fè rèv yo.2Nan lè sa a, bouch nou te plenak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.Konsa, yo te di pami nasyon yo:“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”3SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.Nou kontan.4Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,kon rivyè nan dezè a.5Sila ki simen ak dlo nan zye yoVa rekòlte avèk gwo kri lajwa.6Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan.Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.