Sòm Yo125hat_bsa

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.2Kon mòn antoure Jérusalem yo,se konsa SENYÈ a antoure pèp Li adepi moman sa a, e jis rive pou tout tan.3Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.4Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.5Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo,SENYÈ a va mennen yo sòti avèksila ki fè inikite yo.Ke lapè rete sou Israël.