Sòm Yo124hat_bsa
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,kite Israël di koulye a,2Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,lè lezòm te leve kont nou yo,3Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,lè kòlè yo te limen kont nou an.4Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.5Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.6Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.7Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazoki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo.Pèlen an fin kase e nou chape.8Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki tefè syèl la ak tè a.