Sòm Yo123hat_bsa
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1A Ou menm, mwen leve zye mwen,O Ou menm ki chita soutwòn Ou nan syèl la!2Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo,Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.3Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,paske nou ranpli ak mepriz.4Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo,avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.