Sòm Yo122hat_bsa

Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1Mwen te kontan lè yo te di mwen,“Annou ale lakay SENYÈ a.”2Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!3Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,4sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo,yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.5Paske la, twòn yo te plase pou jijman,twòn lakay David yo.6Priye pou lapè Jérusalem.Sila ki renmen ou yo va pwospere.7Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.8Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,“Ke lapè anndan ou”.9Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.