Sòm Yo121hat_bsa

Yon Sòm pou monte vè tanp lan

1Mwen leve zye m vè mòn yo.Se kibò sekou mwen va sòti?2Sekou m sòti nan SENYÈ a,ki te fè syèl la ak tè a.
3Li p ap kite pye ou chape.Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.4Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.5SENYÈ a se gadyen ou.SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.6Solèy p ap frape ou lajounen,ni lalin pandan lannwit.7SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.Li va kenbe nanm ou.8Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.