Sòm Yo120hat_bsa
Yon chanson pou monte vè tanp lan
1Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.Li te reponn mwen.2Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,de lang ki plen manti yo.3Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?4Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.5Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec,Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!6Nanm mwen gen demè li avèk sila kirayi lapè yo pandan twòp tan.7Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.