Sòm Yo118hat_bsa
1Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.2O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.3O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”4O kite sila ki krent SENYÈ yo di:“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”5Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.6SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.Kisa lòm kab fè m?7SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.8Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,pase pou mete konfyans nan lòm.9Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,pase pou mete konfyans nan prens yo.10Tout nasyon yo te antoure mwen.Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.11Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.12Yo te antoure mwen tankou myèl.Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.13Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,Men SENYÈ a te fè m sekou.14SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.Li te vin sali mwen.15Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.Men dwat a SENYÈ a se vanyan!16Men dwat a SENYÈ a leve wo!Men dwat a SENYÈ a se vanyan!17Mwen p ap mouri, men m ap viv,e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.18SENYÈ a te korije m ak severite,men Li pa t lage mwen a lanmò.19Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.Mwen va antre nan yo.Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.20Sa se pòtay SENYÈ a.Moun ladwati yo va antre ladann.21Mwen va bay Ou remèsiman,paske Ou te reponn mwen,e Ou te vin sali mwen.22Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,gen tan vini wòch ang prensipal la.23Sa fèt pa SENYÈ a.Li se yon mèvèy nan zye nou.24Sa se jou ke SENYÈ a te fè.Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.25O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!26Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.27SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè.Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.28Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.29Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.