Sòm Yo115hat_bsa
1Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,men pou Non Ou glwa bay,akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.2Poukisa nasyon yo ta di:“Kote Bondye yo a ye koulye a?”3Men Bondye nou an nan syèl yo.Li fè sa Li pito.4Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.5Yo gen bouch, men yo pa kab pale.Yo gen zye, men yo pa kab wè.6Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.7Yo gen men, men yo pa kab manyen.Yo gen pye, men yo pa kab mache.Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.8Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.9O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.10O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.11Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,mete konfyans nou nan SENYÈ a.Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.12SENYÈ a te toujou sonje nou.Li va beni nou.Li va beni lakay Israël la.Li va beni lakay Aaron an.13Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,piti kon gran.14Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,nou menm ak pitit nou yo.15Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,Kreyatè syèl la ak tè a.16Syèl yo se Syèl SENYÈ a,Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.17Mò yo pa louwe SENYÈ a,ni sila ki desann antre nan silans yo.18Men nou va beni SENYÈ a,soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.Louwe SENYÈ la!