Sòm Yo112hat_bsa

1Louwe SENYÈ a!A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.2Desandan li yo va pwisan sou latè.Jenerasyon ladwati a va beni.3Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.Ladwati li dire pou tout tan.4Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.5L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;Li va prezève koz li a nan jijman an.6Paske li p ap janm ebranle.Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.7Li p ap krent move nouvèl.Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.8Kè li kanpe janm.Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lèli gade ak kè kontan advèsè li yo.9Li te bay ak jenewozite a pòv yo.Ladwati li dire jis pou tout tan.Kòn li va egzalte nan lonè.10Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt.Dezi a mechan an va peri.