Sòm Yo111hat_bsa
1Louwe SENYÈ a!Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.2Gran se zèv a SENYÈ yo!Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.3Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.Ladwati Li dire jis pou tout tan.4Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.5Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.6Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo,lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.7Zèv men Li yo se verite avèk jistis.Tout prensip Li yo vrè.8Yo va andire jis pou tout tan.Yo fèt nan verite avèk ladwati.9Li te voye delivrans a pèp Li a.Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.Sen e mèvèye, se non Li.10Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.Lwanj Li dire jis pou tout tan!