Sòm Yo110hat_bsa

Yon Sòm David

1SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat MwenJiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”2SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di:“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.3Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.4SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L:“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”5SENYÈ a sou men dwat ou.Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.6Li va jije pami nasyon yo.Li fè gwo pil kadav yo,Li va brize tèt a chèf tout latè a.7Li va bwè nan flèv pandan L an wout;konsa, Li va leve tèt Li wo.