Sòm Yo109hat_bsa

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!2Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.3Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayismanE yo te goumen kont mwen san koz.4An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;men mwen toujou ap priye.5Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.6Plase yon nonm mechan sou li e kiteyon akizatè kanpe sou men dwat Li.7Lè l fin jije, kite li sòti koupabe kite lapriyè li devni peche.8Kite jou li yo vin mwens.Kite yon lòt moun pran pozisyon li.9Kite pitit li yo rete san papa,e kite madanm li vin vèv.10Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.11Kite moun li dwe, sezi tout sa li posedee etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.12Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.13Kite desandan li yo koupe retire nèt.Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yoefase nèt.14Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,E pa kite peche a manman l yo vin efase.15Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou Lkoupe retire memwa yo sou latè,16akoz li pa t sonje montre lanmou dous,men te pèsekite e te aflije malere a,ak sila ki dekouraje nan kè l la,pou l mete yo a lanmò.17Anplis, li te renmen bay madichon.Konsa, madichon an te retounen sou li.Li pa t renmen beni.Konsa, sa te rete lwen l.18Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.19Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,paske sentiwon sa a ap toujou mare l.20Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
21Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,aji dousman avè m pou koz a non Ou.Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,22paske mwen aflije e malere.Kè m blese anndan m.23Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.Mwen souke retire tankou krikèt volan.24Jenou m vin fèb nan fè jène chè m vin mèg, san grès.25Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.Lè yo wè m, yo souke tèt yo.26Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.Sove mwen selon lanmou dous Ou a.27Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.28Kite yo menm bay madichon sou mwen,men pou Ou menm, bay benediksyon.Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.29Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wontyo tankou se avèk yon manto.30Avèk bouch mwen, mwen va bayanpil remèsiman a SENYÈ a.Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.31Paske Li kanpe kote men dwat malere apou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.